HAITI

Entretien avek Pierre M Chery ecrivain haitien

How does the word Creole and Creole culture came into being in Haiti ?


Si yon moun pa konnen istwa peyi d Ayiti, l ap difisil pou l konprann sa k ap pase ann Ayiti nan epòk n ap viv la a (2005). Lè n ap pale, pou Ayiti, mo kilti a pa ase, mo sivilizasyon an ta pi bon pou sa ki pase an Ayiti.

Diran plis pase 60 lane, apre endepandans Ayiti, peyi a te prèske pèdi kontak ak rès peyi oksidantal yo. Pandan sa, pa t gen boukantay (echanj) ant Ayisyen ak lòt kilti. Konsa, premye jenerasyon Ayisyen yo taye yon nouvo konsepsyon lavi pou tout kosmos la, yo re-envante fason moun dwe wè lavi a.

Nan nouvo sivilizasyon sa a, se espri yo, lwa yo ki kòmande lavi lèzòm. Tout mak-fabrik sivilizasyon sa a, yo la anndan vodou. Vodou a se yon sistèm konplè, ki ranmase tout aspè ki egzsiste nan lavi yon moun. Se yon melanj eritaj Lafrik ak kèk aspè nan kilti fransè a. Yon nouvo sivilizasyon te pare pou l parèt, men yon sivilizasyon ki soti kokobe. Paske: depi nan monte l, rayisans ni moun anndan ki te renmen Lafrans mete ak rasis moun deyò nan peyi enperyalis lepòk la (Etazini, Frans, Angletè) pa t ap bay sivilizasyon sa a chans li. Gen anpil aspè nan kilti ayisyen ki depaman ak krisyanis, nou p ap ka konprann yo si nou pa analize yo anndan sivilizasyon an, ki te vini avèk yo. Sa ta enteresan pou moun analize kouman yo poze pwoblèm byen ak mal  anndan kilti ayisyen an anfas lòt kilti.

Lè nou fin konprann sa, nou ka di kilti ayisyen se yon kilti kreyòl, li kreyòl nan tout aspè lavi a. Nou ka wè sa jan Ayisyen renmen amizman, jan Ayisyen renmen danse, jan Ayisyen renmen mizik.

Ann Ayiti moun toujou kare kreyòl devan franse. Lè Ayisyen nan sitiyasyon fòmèl (sitou lè se papye leta k ap siyen), Ayisyen sèvi ak franse, se yon eritaj lakolonizasyon kite pou pèp Ayisyen. Yo sèvi ak franse anpil lè pou yo ekri liv ann Ayiti, laplipa liv lekòl, se liv yo ekri an franse (leplisouvan liv ki soti lòt bò dlo). Si ekriven ayisyen sèvi ak franse pou yo ekri, sa yo ekri yo se melanj kreyòl li montre, nan tèm yo devlope yo.

Sou dekreyolizasyon, èske Ayiti ap dekreyolize yon jou. Dekreyolizasyon se fenomèn kote kominote ki pale kreyòl yo ap pèdi lang kreyòl la, yo repran ansyen lang kolon yo. Nou pa wè tras fenomèn sa a ann Ayiti, malgre nou wè chak jou gen plis moun k ap pale yon kreyòl fransize oswa yon kreyòl anglisize. Sa nou ka di ankò, modèl ameriken an ki jwenn anpil moun sou latè, k ap reklame l, te bon pou kilti kreyòl la an Ayiti. Etan atis franse yo, Ayisyen te renmen anpil, tonbe nan imite atis ameriken yo, Lafrans pèdi plas donè li te genyen nan domèn mizikal ann Ayiti. Konsa mizik ayisyen an ka swiv chemen l pou kò l, paske mizisyen Ayisyen yo pa t bezwen modèl fransè a ankò. Mete sou sa mizik ameriken an ki pa t adapte ak mizik popilè ayisyen.

Si nou retire literati, lakilti ann Ayiti, se yon kilti ki popilè, ki kreyòl nan nannan l. Sous enspirasyon Ayisyen popilè, atis k ap kreye yo se sitou moun ki sòti nan kouch popilè yo ye. Sa a, nou ka konstate l nan penti, nan mizik, nan eskilti menm nan teyat. Gen yon literati kreyòl ann Ayiti k ap pare pou l pran lari ak tout fòs li, literati sa a ap tann lektè l yo (gen sèlman 20 lane depi yo adopte yon òtograf osifyèl pou kreyòl ann Ayiti, gen rès prejije toujou nan peyi a kont lang kreyòl). Pwodiktè kreyòl yo ap tann sipò leta ki bandonnen yo pou yo demele tèt yo pou kò yo. Jenerasyon k ap parèt la a, li kreyòl san pwoblèm e li pa gen konplèks granmoun yo. Kòm Ayiti se yon peyi kote moun renmen ekri, se lè jenerasyon k ap parèt la pare, se lè sa a lemonn antye pral wè pwodiksyon literè ann Ayiti.

How much are the similarities and differences in the music, the cooking, the way of life, values, traditions, architecture, religion, literature, etc... to the other Creole Islands of the region ?  

Nou pa ka reponn kesyon sa a, paske nou pa vizite zile karayib ki pale franse yo. Sa sèlman nou ka di, Ayiti ak lòt zile nan karayib la (sitou Lamatinik ak Lagwadloup) gen yon eritaj yo pataje ansanm. Mizik Ayiti ak mizik antiyè yo sanble, yo byen resevwa atis ayisyen nan zile fransè yo, konsa tou Ayisyen byen renmen atis antiyè yo.

Haiti has been the first black country to be independent but at the same time undergone so much unstability which has seen so many coups d'etats and dictatorships, how far has the country affected by these ? 

La a ankò, fòk nou retounen nan istwa peyi d Ayiti. Nan ane 1825, Jean-Pierre Boyer ki te yon diktatè, tonbe dakò ak Wa Lafrans epòk la, pou l peye kolon franse ki te pèdi byen yo nan batay revolisyon an, pou Lafrans ka rekonèt endepandans Ayiti. Se sa listwa rele "dèt Lendepan­dans". Depi dat sa a jouk nan fen lokipasyon meriken (1915-1934), tout ekonomi peyi a, ki te chita sou komès kafe, pral sèvi pou gouvènman peye tranch-lajan ak enterè sou kòb Boyer te prete, pou l peye dèt la. Anvan meriken kite peyi a City Bank achte rès dèt la, konsa Ayiti pase anba bòt meriken nèt. 

Sou tèt malè sa a, fòk nou mete piyay nan kès leta, lagè sivil. Nan kondisyon sa yo, li te pratikman enposib pou peyi a jwenn lajan pou yo bati yon leta modèn. Mete sou sa, rivalite ant gwoup politik (ki gen gouvènman etranje dèyè yo k ap fè dife-volan), pa kite tan pou bon jan diskisyon ta fèt sou sitiyasyon pèp la, sou solisyon pou pwoblèm peyi a. Nou ka ajoute tou yon sosyete ki fann an de sou tout kalite kesyon sosyal (koulè po, lavil/andeyò, afriken/ewopeyen), divizyon ki pèmèt nenpòt ki diktatè ki fè tèt li pase pou moun k ap defann moun nwa, moun pòv, rive nan tèt leta a. Men pèp ayisyen abitye nan fè rezistans. Se plis pase 4 diktatè (Francois, Jean-Claude Duvalier, Cédras, Aristide) pèp ayisyen oblije voye ale.

What is the state of the economy today ? Is the average haitian enjoying a fair standard of living or is Haiti calssified as a poor country ?

Ayiti se yon peyi pòp, peyi ki pòv nan Amerik la.

The political unstabilities has caused massive braindrain how far from Haiti is the country suffering from this ?

Eske peyi d Ayiti soufri egzòd sèvo l yo. Wi Ayiti soufri e li kontinye ap soufri.

Lè mwen te lekòl ti katkat, nan mitan ane 60 yo, mwen asiste mèt klas mwen yo ak lòt pwofesyonèl (ki te pè diktati Divalye a) kouri kite peyi a pou y al chwe an Afrik epi Nò-Amerik. Akoz sa, Ayiti rate diz an devlopman LONI te mande pou ane 1960 yo. Sa koute peyi a plizyè dizèn ane, pou l ranplase moun ki te ale yo. Petèt si yo pat kouri, yo te ka pase anba pèsekisyon osnon move lavi. Jodi a ankò, pwofesyonèl ayisyen ap kouri dèyè viza pou Kanada, san yo pa konnen si y ap jwenn travay. Si peyi a te montre gen yon amelyorasyon k ap vini, petèt, pwofesyonèl sa yo te ka pa kite peyi a. Se pa milye, pwofesyonèl ayisyen, ki pati, ap reve kouman pou yo ta remèt peyi a kado san konte yo resevwa nan men l. Yon moun ka fè etid li depi nan premye ane jouk li rive doktè san li pa depanse yon santim kwiv.

Kisa n ka di pou moun ki pati yo? Pèsonn pa ka nye dwa yon moun genyen pou l chache travay. Si anviwonman moun nan pa ka ofri l yon travay, se tou natirèl pou moun sa a al chache travay deyò. Anvan pou yon moun gade kouman pwofesyonèl ki pa la yo fè peyi a tò, fòk sosyete ayisyen an te ka konprann dezespwa ki nan kè Ayisyen ki fè jefò, ale lekòl, aprann yon metye, ki deside pati ale dèyè djòb ki pi ba pase nivo kalifikasyon yo. Si yon peyi bezwen pwofesyonèl, l ap ka fòme yo nan de-twa lane. Men lè nou gade kontèks mondyal la, se sa Darwin te di a k ap fèt nan ekonomi (sèl sa ki fò yo ap gen chans pou yo sove po yo), si yon moun bezwen travay, li sètoblije pa ka pase tout vi li ap tann sa chanje. Batay k ap tann Ayisyen se yon batay pou yo defann dwa yo pou yo travay. Deyò pa konprann sa, anndan pa konn sa. Batay sa a, l ap fèt malgre gouvènman etranje, malgre FMI, malgre Bank Mondyal, malgre BID.

What lies ahead ? Are you optimistic about the future ? Can there be economic recovery and how ?

Chomaj se youn nan pi gwo sitiyasyon ki lakoz difikilte peyi a. Nan kòmansman lane 70 yo, gouvènman te deside pou l enstale zòn franch nan Pòtoprens. Lè diktati a ap tonbe an 1986, te gen plis pase 100 faktori soutretans anndan peyi a, laplipa se ameriken ki te pwopriyetè yo. Pou 100000 djòb sa yo, peyizan sòti nan kat kwen peyi a, vin gonfle nan bidonvil Pòtoprens yo, ak lespwa y ap ka travay nan youn nan faktori sa yo.

Sou Divalye, ouvriye pa t gen dwa reklame pi bon kondisyon travay. Lè Jean-Claude Duvalier pati ale an egzil, ouvriye yo tonbe fè grèv sovaj, san avètisman, pou ogmantasyon salè. Sou chak 100 faktori, 50 kouri kite peyi a. Tank ouvriye yo revandike, se tank mèt faktori yo fèmen yo. Dènye kou ki pou touye koukou a, se twa lane anbago peyi a pran nan epòk diktati Cedras la (1991-1994), sa ki te sanble ak endistri nan peyi a kraze nèt.

Kolonn bidonvil sa yo ki pouse tankou djondjon sou do faktori soutretans yo, se anndan yo, diktatè yo rekrite fanatik ak asasen ki pou fè djòb sal yo genyen. Sou plan ideyolojik, zafè koulè po se yon kesyon sansib ann Ayiti. Depi yon politisyen ka fè tèt li pase pou yon nonm ki menm koulè ak majorite popilasyon an, lawoulèt vyolans-egzil la derape. Tout moun ap pase, kèlkeswa koulè po opozan.

Malgre sa, pwoblèm anndan yo, pou kont yo, pa sifi pou esplike katastwòf ekonomik malouk pèp ayisyen ap viv la. Si nou swiv sa ekonomis yo rele: divizyon entènasyonal travay la, fòk Ayiti t ap pwodui byen nan sektè primè (agrikilti ak min). Topografi peyi a, kote nou jwenn plis pase 75% tè se mòn, lakoz peyi a pa ka jwenn ankenn avantaj sou lòt peyi ki nan rejyon an. Ameriken fè plis pase 20 lane ap okipe Ayiti, yo pa janm rive mete gwo fèm agrikòl sou pye anndan peyi a, tankou jan yo fè l Sen-Domeng. Pa gen ase plenn anndan peyi a se youn nan rezon ki ka esplike sa. Diri ki fèt anndan peyi a, espesyalman nan vale Latibonit, ap pran frap marasa nan men diri ki soti Miyami ak Tegzas. Frap marasa nan 2 sans: premyèman, rejyon sa yo gen plis tè plenn pase Ayiti, pi bon teknoloji, sa ba yo avantaj sou kou pwodiksyon yo, dezyèman, agrikilti nan peyi meriken jwenn sibvansyon.

Si nou swiv lojik neyo-liberal la, Ayiti ta dwe esplwate domèn l ap jwenn avantaj yo. Nan sans sa, posiblite Ayiti yo se : agrikilti, touris ak soutretans. Pou kalite tè ki genyen ann Ayiti, fòk yo amelyore rannman tè yo, pou pwodiktivite yo ogmante dekwa pou kondisyon lavi travayè agrikòl yo jwenn yon amelyorasyon. Youn nan mwayen pou yo jwenn gen sa yo, se diminye kantite moun k ap viv sou do agrikilti. Ki sektè ki pral rale kantite moun anplis agrikilti a pap bezwen ankò yo? Sektè touris la ta ka reprezante yon avni pou Ayiti, men sektè touris la bezwen envestisman enpòtan… Pou soutretans la menm, se yon ka moun pa wè sou latè. Salè minimòm yon ouvriye nan soutretans touche, ann Ayiti, ka pi piti pase kantite kòb ouvriye sa a peye pou l vin travay epi pou l manje pou jounen an.

Se konsa panorama ekonomi an parèt devan je nou. Eske nou gen dwa kwè sa ka chanje nan bon sans la? Wi, se premye fwa nan istwa peyi a, enterè nasyonal yo parèt klè devan je tout moun. Peyi a ka pran kap yon devlopman ekonomik ki apiye sou yon mache nasyonal. Se mache nasyonal la SELMAN k ap bay òpotinite pou yo sonje bezwen peyi a, enterè moun k ap envesti pou peyi a ak enterè travayè yo. Enterè nasyonal la ka sèvi kòm bousòl pou yon alyans ekonomik ant divès klas sosyal ki pa abitye wè enterè ansanm men ki oblije konprann li nan enterè yo, pou yo defann yon mache nasyonal. Depi tout patnè sosyal yo byen konprann sa, y ap kapab fè nenpòt lòt konbinezon (soutretans, touris, etc…) ak mache nasyonal la.

 What do you think of the IOCP ? Can Creole work together ? Can we envisage a United Nations of Creole one day ?

Se menm babari a ki kale tout pèp kreyòl ki gen sou latè. Genyen ki soufri plis pase lòt. Men pa gen youn ki pa pote mak babari lakolonizasyon. Revandike nou se kreyòl, pale youn ak lòt,  sonje ki sa ki mennen nou la, tout koze sa yo itil pou nou ka delivre anba kochma, se konsa sèlman n ap ka montre lavi a pou nou menm kreyòl vle di amizman, lagete ak anpil koulè.

Se yon obligasyon pou tout pèp kreyòl travay ansanm. Se listwa ki fè yo sòti jan yo sòti a. Yo pa chwazi, men yo kapab chanje direksyon listwa avèk aksyon yo, avèk rèv yo. Lè mwen di sa, m ap pran egzanp wòl yon lang afriken (Ewe) jwe nan fòmasyon kreyòl ayisyen ak kreyòl Seychelles. Ayiti ak Seychelles gen plizyè milye kilomèt ki separe yo, epoutan tou de lang yo tèlman sanble nan chapant yo, yon moun ta ka di se 2 varyete yon sèl lang.

Lòt koze m ap sonje, se Franswa SINTOMER (la Réunion) ki mande pou pèp kreyòl yo sèvi ak mo kreyòl lòt pèp kreyòl deja kreye lè yo bezwen mo nouvo. Fòk nou konsidere pwopozisyon sa a tankou yon envitasyon pou nou travay sou leksik lang kreyòl yo ansanm.

Nan pwen rèv moun pa ka fè. Se aksyon ki fè lèzòm. Nou ka kòmanse bati kay la ak sa nou ka kapab, monte enstitisyon ki pa twò lou pou do nou. Depi sa fèt, nou pral dèyè lòt etap pou nou janbe.

 

Ile Maurice

INTERVIEW DE VICKRAM RAMHARAI, MAÎTRE DE CONFÉRENCE AU MIE
La littErature mauricienne et l’identitE nationale


Vickram Ramharai a récemment participé à un symposium sur “Canon national et constructions identitaires : les nouvelles littératures francophones” à Berlin. Il nous livre le résultat de ses recherches.

Y a-t-il eu un rejet du créole et des langues indiennes au profit des langues internationales à Maurice ?

Malheureusement, oui. La reconnaissance du créole et des langues indiennes dans la société mauricienne laissait à désirer. Les Indo-mauriciens choisissaient l’anglais pour des raisons politiques. Au XIXème siècle, c’était le français qui était utilisé contre la culture anglaise. Au XXème siècle, surtout entre la Seconde Guerre mondiale et l’indépendance de l’île en 1968, le choix portait plutôt sur l’anglais. Ceux qui étaient en faveur de cette langue étaient pour l’indépendance de l’île alors que ceux qui étaient pour le français étaient contre son indépendance et étaient en faveur de son rattachement à la France.
Les écrivains d’origine indienne s’éloignaient volontairement de la culture française et choisissaient l’anglais pour compenser leur incapacité à maîtriser le français. Aujourd’hui, la nouvelle génération d’écrivains indo-mauriciens a changé d’attitude vis-à-vis de la langue française. Ananda Devi, Natacha Appanah, Shenaz Patel, Barlen Pyamootoo, Vinod Rughoonundun et Anand Seetohul, tous issus de la communauté indo-mauricienne, se sont fait un nom dans le domaine de la littérature francophone.
Comment le créole est-il alors entré dans le milieu littéraire pour participer à la construction d’une identité nationale ?
C’est en 1967 que tout a commencé, lorsque Dev Virahsawmy, jeune linguiste d’alors, affirmait que le créole est une langue comme toutes les autres. Dans les années 70, beaucoup commençaient à croire dans la richesse et dans le caractère national de cette langue. Ils ont produit des œuvres en créole. Ces écrivains étaient certes en conflit avec ceux qui voulaient imposer les langues internationales comme langues de culture à Maurice. La langue était alors utilisée pour dénoncer et accuser, et pour des revendications sociales et politiques. Aujourd’hui, elle est officieusement reconnue à Maurice et elle participe pleinement au développement d’une culture et d’une identité nationales.
Est-ce que les romanciers d’avant 1968 situaient facilement l’intrigue de leurs romans dans le milieu auquel ils n’appartenaient pas ?
Seulement deux écrivains l’avaient fait. Savinien Meredac, issu de la communauté blanche, a mis en scène un couple de la communauté créole dans son roman Polyte (1926) – c’était la volonté de comprendre les Créoles qui n’étaient pas favorisés par la société. Dans son Namasté (1965), Marcel Cabon, d’origine créole, écrit sur les Indiens de Vallée des Prêtres. Il y fait une fidèle description de leurs coutumes, tout en exprimant son admiration devant le dur labeur qu’entreprend cette communauté pour pouvoir survivre dans un milieu hostile.
Est-il difficile de décrire des personnages, fictifs ou réels, qui appartiennent à une autre communauté que celle de l’écrivain ?
Les romanciers présentent souvent une société mauricienne où les individus donnent l’impression de vivre en harmonie. Ils ne se sentent pas concernés par le problème de contacts inter-ethniques. En ce sens, ils respectent un des fondements des romans coloniaux. Un écrivain ne peut pas critiquer ses semblables sans être lui-même exposé à des critiques. C’est ce qui s’est passé dans le cas d’Amode Taher, romancier d’origine musulmane, qui a écrit sur les pêcheurs créoles dans son roman Pêcheurs de l’ouest (1989). Il a été pris à partie dans un journal local. L’affaire a même été porte en cour.
Un dialogue interculturel dans la littérature mauricienne, est-ce possible ?
Bien sûr. Il existe déjà et cela a pas mal influencé certains écrivains mauriciens. L’évocation des autres communautés est devenue moins offensante. Les romanciers eux-mêmes adoptent aujourd’hui une vision sans préjugés. Les mariages mixtes sont envisageables dans les romans. Certains écrivains ont même transgressé leur communauté d’appartenance. Dans la poésie, par exemple, à un moment où la société mauricienne coloniale prêchait le clivage ethnique, Robert Edward Hart et Malcolm de Chazal, tous deux issus de la communauté blanche, n’ont pas hésité à manifester leur attirance pour l’Inde et la philosophie hindoue. Dans Sens Plastique, Malcolm s’est inspiré des Védas – les saintes écritures de l’Inde.
Et en ce qui concerne le romanesque, peut-on dire qu’aujourd’hui il existe aussi un langage mauricien ?
Il existe en effet “un langage romanesque mauricien” qui a pris forme avec les romans parus dans les années 1990. La littérature mauricienne d’expression française a permis d’acquérir une identité nationale parce qu’elle s’est inscrite dans un processus de “décolonisation” linguistique et esthétique, à l’égard des canons occidentaux. C’est de cette manière que cette littérature francophone apporte sa contribution dans la mise en place d’une littérature nationale. D’autre part, la réification de l’anglais et du créole a fait éclater la relation entre langue donnée et ethnicité. Les écrivains contemporains ont réinventé une langue littéraire dénuée de tout préjugé et leur thématique tend à annihiler toute différenciation ethnique. La littérature mauricienne est donc sur la voie de la construction d’une identité nationale.


Propos recueillis par Vèle PUTCHAY