ELEKSYON KONFIZYON

Timoun mande gonmbo cho, ba li l nan plan men

Si l boule, di l se pou sere dan mare ren

Pouki l bezwen plenyen lè l wè konplo mare?

Se reziyen l, sere dan l epi pran l jan l ye

 

Tonnè krizòl! Ti konmède fè bon boule

Se rezilta enpètinans timoun fwonte

Fwa sa a, wè pa wè antèman pa pou katrè

Kadav fin gate, gwo reta pou fòseyè

 

Kandida dasomann deja elimine

Kandida potanta pa wè kote yo ye

Pèp la konn sou men l pa konn fou lè l bwè tafya

Li swaf, li bwè men l pa pèdi tèt li pou sa

 

Yon dal magouy pou Ayiti ret nan koma

Enpas kot anpil kandida pran nan twa wa

Yon fanm ki gen tranche ki pa ka delivre

L ap rele: «penn pou youn, alsiyis te pou de!»

 

(E. W. VEDRINE)

koleksyon: «Kri pou liberasyon»

nov. 2005